top of page

Sen Barthélémy, ki te etabli nan lane 1962, te sèvi katolik nan Miramar sou direksyon Mons. Noel Fogarty kòm premye kire. Lè sa a, zòn lès sou inivèsite te apenn kòmanse devlope. Mès yo te selebre nan kay sekou insandi an ak yon gwoup fi dèl ki te byen eksite pou kòmanse fòme gwoup apostola menm avan premye wòch batisman legliz ak lekòl la te poze nan lane 1967. Se te Sè Lacharite Kè Sakre Jezi yo ki te sòti nan peyi kiba ki t ap gere lekòl la jouk lane 1988.

Lè l te fi n fèt, edifi s lekòl la te sèvi tou pou lansèyman katechis. Pou konnyè lekòl la gen klas kòmanse nan jadendanfan pou rive nan wuityèm, epi kontinye sèvi kòm espas kote gwoup pawas la reyini lèswa. Lòt gwoup tankou Alkoolik Anonima, Narkotik Anonima, ak Skout itilize l tou. Kouvan an, ki te bati pou sè yo, sèvi tou pou reyinyon gwoup, retrèt, ak reyinyon pawasyal.

 

Fidèl yo sipòte divès kalite apostola tankou sosyete Saint Vincent de Paul, Respè Lavi, Mommy-and-Me, Lejion Mari, Knights of Coumbus elatriye ki sèvi sil ayo ki malad, granmoun yo, sila yo ki nan bezwen nan kominote èspanyòl ak nan kominote Ayisyèn nan. Genyen you pwogram anrichisman èspirityèl ki ede timoun tankou adilt nouri lavi lafwa yo.

bottom of page